Kijan pou lanse yon BIZnis POU li mache

Ok ! Yonn nan bagay pou konnen, tout biznis mande yon etid mache. Se pa Mwen ki pral diw men nan kisa ou pral mete lajan ou genyen an. Men kitem pataje saw dwe fe avan pou ou pa pedi kob ou

Premye bagay wap gen pou fe, se fe yon etid mache. Ou ka fel sou de baz,
1- gade sak pa genyen nan anviron 500 à 1000 mèt de kote ou vle mete aktivite a. Men se yon bagay ke moun kap viv nan anvironman w lan pral achte ou deyè en dehors de 500 m, 1km. Nan ka sa, wap enplante aktivite paw la nan 200 m ak 300 m pou anpeche moun yo kontinye ale byen lwen.

2- ou ka gade sak mache anpil nan kote ou ye a. Gade si gen anpil moun ki bezwen yon pwodwi, yon sevis epi se yon sel kote ki gen sevis la, ou prodwi a. Lè sa ou ap kreye yon lot espas ki ofri menm sevis la ou ki vann menm prodwi a. Men nan sa ap gen concurrence. Asirew pou fe fas ak sa.

Kounya , ou bezwen al fe etid mache a epi Pou konnen ki sa pou fe ak lajan ou genyen an pou ou fel fe pitit après quelques années.

👇🏽👇🏽👇🏽👇🏽👇🏽👇🏽👇🏽
Bonis
Ou ka ITILIZE strateji IZOLAN. Wap chache 5 machann ki bezwen yon ti kob pou ogmante komès yo. Épi wap ba yo chak chak la yon ti kob pou grandi biznis yo epi chak samdi yap baw yon pousantaj.

eske atik sa te edew, ki reyaksyon ou nan komantè epi nap reponn ou.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *